Accessibility links

Breaking News

Chif Depatman Sante Piblik sou Nouvo Ka Kolera nan Grand Ans


Direktè Jeneral Depatman Sante Piblik la, Doktè Gabriel Timothée, pa dakò ak nouvèl ki fè konnen 20 moun ta mouri anba maladi kolera nan jou ki pase yo nan Depatman Grand-Ans la sèlman. Nan yon entèvyou Doktè Timothée bay Lavwadlamerik, li fè konnen, daprè chif ofisyèl yo, se sèlman 7 moun ki pèdi lavi yo nan rejyon an. Li presize se Komin Bomon, Pestèl ak Ansdeno ki genyen plis ka kolera yo. Direktè Jeneral la kontinye pou l di CTC (Sant Tretman Kolera) ki te fèmen yo relouvri e yo genyen ladan yo materyèl ak medikaman pou pran swen nouvo malad yo, menmsi manm pèsonèl la redui.

XS
SM
MD
LG