Accessibility links

Breaking News

Cheryl Mills, Konseye Sekretè Deta Hillary Clinton, Vizite Ayiti 5 Out 2010 la


Cheryl Mills, konseye sekretè deta ameriken an Hilarry Clinton e an menm tan chèf pèsonèl Depatman Deta ameriken an, fè yon brèf vizit jedi 5 out 2010 la nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, pou l te montre apui administrasyon Obama a pou rekonstriksyon peyi a ak pwosesis elektoral la.

Madame Mills te rankontre avèk ofisyèl gouvènman ayisyen an anvan li te fè chita-tande avèk kèk manm palman an ak lidè nan opozisyon an.

Dènye rankont la (ki te gen ladan l dirijan politik tankou Myrlande Manigat, Chavannes Jeune, Victor Benoit, ak Evans Paul, plis Senatè Edmonde Supplice Beauzil) te dewoule nan rezidans anbasadè ameriken an nan Pòtoprens Kenneth Merten.

Pandan Madam Mills t ap pale ak laprès anvan l te kite Pòtoprens, li te fè konnen Lèzetazini dispoze kontinye ede Ayiti nan moman dirijan peyi a ap travay pou rekonstriksyon nasyon an aprè tranblemanntè 12 janvye a. Li ensiste espesyalman sou apui Washington pou eleksyon mwa novanm yo ki, daprè li pral reprezante yon eleman kle nan efò Ayiti dwe fè pou l rete sou wout demokrasi a.

Korespondan nou Clarens Renois reponn kesyon chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César, sou vizit gwo otorite ameriken sa a, Cheryl Mills nan Pòtoprens.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 6 out 2010 la

XS
SM
MD
LG