Accessibility links

Chèf Pentagon nan Anonse Retrèt li Pou 2011

  • J. Lyonel Desmarattes

Minis defans ameriken an, Robert Gates, anonse li byen kapab kite pòs li a ane pwochèn nan --sa ki ta mete fen nan yon pasaj 4 tran nan tèt Pentagòn nan, 4 tran ki te chaje ak gwo evennman.

Misye Gates pral genyen 67 tan mwa pwochen an; li pale pou l di: "Gen yon pwen kote ou rive, ou santi enèji w ap fini."

Sepandan, pòtpawòl Pentagòn nan, Bryan Whitman ki t ap pale ak laprès lendi 16 out la, fè konnen moun pa bezwen panse anons misye Gates fè a ta vle di misye ap febli, paske li pral kontinye fè travay li pandan dènye mwa li rete pou l pase nan tèt Depatman Defans la.

Misye Whitman di: “Mwen ta renmen mande n fèt atansyon: minis la pap annik leve pran direksyon pòt la epi li kite travay la. Gade byen sa l di sou kesyon an; li espere pran retrèt li an 2011."

Pòtpawòl Bryan Whitman pa di si minis Gates fè diskisyon sou plan retrèt li a ak Prezidan Barack Obama. Sepandan depi ane pase a kèk otorite ameriken te fè konnen 2 zòm yo dakò pou Misye Gates rete nan pòs la jous nan fen ane 2010 la ; e se lè sa a li va fè diskisyon sou sa l vle fè nan lavni.

Yon lòt kote, Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) fè konnen 3 manm nan fòs kowalisyon an pèdi lavi yo madi 17 jiyè 2010 la nan eksplozyon bonm separe ki fèt nan Afganistan. Yon bonm ki eksploze nan pati lès peyi a touye 2 sòlda, tandiske yon lòt ki fèt nan pati lwès la koze lanmò yon lòt manm fòs kowalisyon an. L’OTAN pa presize nasyonalite sòlda ki mouri yo.

XS
SM
MD
LG