Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump/Afè Ikrèn nan - Yon 2èm Semèn Depozisyon Kòmanse nan Chanm Depite a


Lyetnan Kolonèl Alexander Vindman, yon espesyalis sou Ikrèn ki pran lapawòl madi 19 novanm nan devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite a.
Lyetnan Kolonèl Alexander Vindman, yon espesyalis sou Ikrèn ki pran lapawòl madi 19 novanm nan devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite a.

Ozetazini, 2 espesyalis nan kesyon sekirite nasyonal ki te pran lapawòl devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Reprezantan an nan jounen madi 19 novanm 2019 la, deklare yo te santi latwoublay ak kè-sote lè yo te wè Prezidan Donald Trump ki t ap fè presyon sou prezidan Peyi Ikrèn nan, Volodymyr Zelenskiy, pou l ouvè yon ankèt ki te kapab pote benefis politik pou lidè ameriken an. Misye Trump te aji konsa pandan yon kout-fil li te bay prezidan ikrenyen an nan dat 25 jiyè pase a.

Youn nan temwen ki pale yo se Lyetnan Kolonèl Alexander Vindman, pi gwo espesyalis sou Ikrèn nan Konsèy Sekirite Mezon Blanch la, ki te tande yon konvèsasyon kote Prezidan Trump te mande Prezidan Zelenskiy yon « sèvis », swa pou l te ouvè yon ankèt sou youn nan prensipal advèsè demokrat lidè ameriken an nan eleksyon prezidansyèl 2020 an, ansyen Vis Prezidan Joe Biden, avèk yon pititgason Misye Biden, Hunter Biden, ki se yon òmdafè.

Jennifer Williams (agoch), yon asistan Vis Prezidan Mike Pence, te prete sèman ansanm avèk Lyetnan Kolonèt Alexander Vindman (adwat) anvan yo tou lè 2 te fè depozisyon yo nan Chanm Reprezantan an madi 19 novanm.
Jennifer Williams (agoch), yon asistan Vis Prezidan Mike Pence, te prete sèman ansanm avèk Lyetnan Kolonèt Alexander Vindman (adwat) anvan yo tou lè 2 te fè depozisyon yo nan Chanm Reprezantan an madi 19 novanm.

Ofisye Vindman, yon militè veteran ki te prezante avèk inifòm li sou li devan komisyon an nan kòmansman 2èm semèn depozisyon piblik yo, deklare: « Sa m te tande a se yon aksyon ki pa apwopriye; sa vyole règleman yo. » Li ajoute demand Misye Trump te fè a (demand yon ankèt politik sou Misye Biden) « pa t gen okenn rapò ak enterè sekirite nasyonal Lèzetazini. » Pi lwen li di li te prepare kèk tèm diskisyon pou koutfil Misye Trump te fè Prezidan Zelenskiy a e okenn nan tèm sa yo pa t konsènen yon ankèt kèlkonk sou 2 Biden yo. Repibliken k ap apiye Trump yo atire atansyon sou yon deklarasyon Misye Zelenskiy ki di li pa t santi kòmkwa demand Prezidan Trump la te mete presyon sou li, menmsi sa te rive nan yon moman kote lidè ameriken an te bloke pwovizwaman yon asistans militè ameriken ki monte rive 391 milyon dola ke Ikrèn te bezwen.

Sondaj ki fèt atravè tout peyi a montre gen divizyon pami elektè ameriken yo sou kesyon pou konnen si, wi ou non, Kongrè a dwe wete Prezidan Trump sou pouvwa a nan fen pwosesis ankèt sa a ak jijman ki ka swiv li a. Si sa rive, se t ap yon grann premyè nan tout istwa Lèzetazini. Si Chanm Depite a jwenn Donald Trump koupab (se sa ki rele « impeachment » la), li t ap gen pou l fè fas ak yon jijman nan Sena a kote majorite a se Repibliken e kote sanble pa gen chans pou palmantè yo kore yon jijman kont prezidan an. Misye Trump, ki jeneralman pibliye nòt preske chak jou sou kont Twitter li pou l atake ankèt la, te gade silans li pandan premye èdtan depozisyon ki dewoule nan jounen madi 19 novanm nan.

XS
SM
MD
LG