Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite a Apwouve yon Pwojè k ap Koupe Taks Pou Tout Moun Ozetazini


Chanm Depite a Apwouve yon Pwojè k ap Koupe Taks Pou Tout Moun Ozetazini
Chanm Depite a Apwouve yon Pwojè k ap Koupe Taks Pou Tout Moun Ozetazini

Isit Washington, Chanm dè Reprezantan Ameriken an vote 277 pou e 148 kont, pou apwouve yon pwojè-lwa sou taks federal, ki se yon konpwomi Prezidan Barack Obama te jwenn ak lidè repibliken nan kongrè a.

Pwojè lwa a prevwa depans pou 858 milya dola e li vin kore desizyon pou gouvènman ameriken an koupe taks ni pou klas mwayèn nan ni pou moun ki rich yo.

Lwa sa a ap pwolonje benefis pou moun ki nan chomaj depi lontan yo e li mache ak yon rediksyon 2% taks sou lajan tout kontibyab ameriken yo ap touche.

Se yon anvlòp esansyèl pou ekonomi an, daprè sa Prezidan Obama te di nan moman li t ap ankouraje palmantè yo pou yo vote an favè pwojè-lwa. Sepandan anpil manm Pati Demokrat la ---Pati Prezidan Obama a--- te di se yon konpwomi ki twò dous pou moun rich yo.

XS
SM
MD
LG