Accessibility links

Breaking News

Fidel Castro Diaz-Balart Castro , Premye Pitit Gason Defen Fidel Castro, Mouri nan La Avàn

Fedelito Catro Diaz-Balart nan mitan yon foul nan okazyon prezantasyon yon liv papa li, Fidel Castro, ki gen pou tit "Nuestro Deber es Luchar", sa vle di "Devwa Nou se pou Nou Lite." (Foto 14 Mas 2012/AP/Franklin Reyes, Dosye).

Pi gran pitit gason defen lidè kominis Kiba a, Fidel Castro, touye tèt li jedi premye fevriye 2018 la aprè plizyè mwa tretman pou depresyon, daprè sa televizyon Leta a anonse nan La Avàn. Fidel Castro-Diaz-Balart te gen 68 tan. Tretman li a te oblije li ale lopital pandan yon tan; ansuit doktè te swiv li adomisil.
Fidelito (ou Ti Fidèl, jan yo te rele li nan Kiba,paske li te tèlman sanble avèk papa l) te etidye fizik nikleyè nan Linyon Sovyetik e li te travay kòm konseye syantifik pou Konsèy Deta kiben an. Li te vis prezidan Akademi dè Syans Kiba a e li te dirije pwogram nikleyè kiben an ant 1980 e 1992.
Fidel Castro Diaz-Balart avèk Paris Hilton ki te pran selfi sa a pandan yon dine gala nan La Avàn nan okazyon fèmti 17èm Festival Habanos ki te dewoule nan dat 27 fevriye 2015. (Foto: REUTERS/Alexandre).

Fidelito se piit Fidel Castro ak premye madanm li, Mirta Diaz-Balart, yon dam ki te sòti nan aristokrasi kibèn nan, Castro te marye avè l pandan misye te jenn e anvan li te lanse Revolisyon kibèn nan ki te ranvèse diktati Fulgencio Batista a an 1959.
Bò kote manman Fidelito, li se yon kouzen Depite ameriken Mario Diaz-Balart ki genyen nan sikonskripsyon li anpil egzile kiben nan Eta Florid; li se kouzen tou ansyen Depite ameriken Lincoln Diaz-Balart.
Ti Castro te toujou rete fidèl ak ideyal kominis papa li yo. Lanmò li vini plis pase yon lane anviwon aprè papa li te mouri nan mwa novanm 2016. Fidel Castro Père te genyen 90 zan.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG