Accessibility links

Breaking News

Carolyn Miles, Yon Ofisyèl Save The Children, Ap Vizite Ayiti


Youn nan reprezantan òganizasyon charite entènasyonal Save The Children, Carolyn Miles, twouve l ann Ayiti kote, antwòt, li vizite madi 4 janvye 2011 la yon lekòl ki ka reziste kont tranblemandetè nan vil Leyogan.

Madam Miles, ki pale ak Lyonel Desmarattes, fè konnen depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la, òganizasyon an ranfòse pwogram li genyen nan peyi a, sitou nan domèn edikasyon, lojman ak lasante.

Rive reprezantan Save the Children nan te rive Pòtoprens nan apre-midi lendi 3 janvye a, li te ale vizite yon sant tretman kolera ki nan youn nan kan ebèjman yo e kap fonksyone avèk finansman òganizasyon an.

Li ensiste sou efò anplwaye yo ap fè pou ede ti moun retounen lekòl apre goudougoudou a, ede nouvo manman pitit bay ti bebe yo lèt imedyatman apre nesans yo -yon bagay ki, dapre li, enpòtan anpil pou sante ak kalite lavi bebe a-- epi òganize estaj pou pwofesè, paske anpil pwofesè lekòl te pèdi lavi yo nan tranbleman de tè-a ki te touye plis pase 230 mil moun.

An plis Leyogàn, Carolyn Miles ap vizite tou pwojè a pwogram Save The Children genyen nan vil Jakmèl a Mayisad. Madam Miles genyen biwo li nan vil Westport, nan Eta Connecticut, Ozetazini.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Lyonel Desmarattes ak Carolyn Miles.

XS
SM
MD
LG