Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ap Akeyi Plizyè Chèf Deta ak Gouvènman nan Kad 29 Sesyon Caricom nan


Lidè (CARICOM) yo kap patisipe nan somè Avril 2010 la nan Itamaraty Palace nan Brasilia, o Brezil. (Foto: REUTERS/Jose Varella)
Lidè (CARICOM) yo kap patisipe nan somè Avril 2010 la nan Itamaraty Palace nan Brasilia, o Brezil. (Foto: REUTERS/Jose Varella)
29èm Reyinyon Entèsesyon Konferans Chèf Deta ak Gouvenman CARICOM yo ap dewoule nan kapital ayisyen an 26 ak 27 fevriye 2018 kap vini la. Reyinyon sa ap oganize sou tèm: transnasyonal, chanjman klimatik ak koperasyon komesyal dapre anonse Minis afe etranje ayisyen an Antonio Rodrigue.

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise kap asire enterima kòm prezidan Caricom soti depi nan mwa janvye 2018 pase a pou rive nan mwa jen men ane a, pral dirije sesyon sa a. Chèf deta ayisyen an ranplase nan wòl sa a
Premye Minis Grenade la, Dr Keith Mitchell.

Dapre anpil obsèvatè, dewoulman 29èm sesyon CARICOM nan ap pote kèk benefis ekonomik pou Ayiti malgre leta gen depans pou l fè pou resevwa anviwon 10 chèf deta nan peyi a.

Dapre Peterson Noël, anbasadè Dayiti nan Caricom, leta dispoze yon montan 40 milyon goud pou akeyi reyinyon Caricom nan. Lapolis pral deplwaye yon seri mezi sekirite sou tout perimèt kote sesyon Caricom nan pral dewoule a.
Yon repòtaj Orpha Dessources sou pwochen dewoulman 29èm sesyon Caricom nan ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:46 0:00

XS
SM
MD
LG