Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kanada: Lapolis nan Monreyal Arete yon Nonm Otorite Amerikèn yo Tap Chache pou Dwòg


Yon polisye kanadyen ki sou bisiklèt dèyè yon kay nan Monreyal, Kanada. 21 jen 2017.
Yon polisye kanadyen ki sou bisiklèt dèyè yon kay nan Monreyal, Kanada. 21 jen 2017.

Kèk polisye kanadyen sou bisiklèt arete yon kriminel Etazini tap chache depi lontan. Sitwayen sa a te pran nesans nan Laos pou swadizan kontrebann dwog -- Li te nan mawon depi plis pase yon douzèn lane.

Lapolis nan Monreyal fe konnen Katay-Kaophone Sychanta ki gen 35 kan te pare pou l fimen dwog nan yon pak lè 2 polisye yo te apwoche l epi yo kesyone li.

Sychanta tap eseye chape pou l li, men otorite yo rive mete men sou li kote yo arete l paske yo sispek li gen dwog sou li. Se anprent li ki revele idantite l.

XS
SM
MD
LG