Accessibility links

Breaking News

Kalifòni an Eta Dijans Akoz yon Dife ki Eklate nan Rejyon Nò a


Dife ki pran nan forè nan eta Kalifòni fòse plizye moun nan vilaj Paradise kite kay yo.
Dife ki pran nan forè nan eta Kalifòni fòse plizye moun nan vilaj Paradise kite kay yo.

Eta Kalifòni deklare yon eta dijans lakay li, espesyalman nan rejyon nò eta a nan kad yon dife forè ki pwovoke anpil dega sou pasaj li.

Yon responsab nan sèvis pompye zòn nan, Mark Bass, di ensandi a detwi pifò vil Paradise. Gen veyikil moun abandone sou wout yo, kote kretyen vivan tap kouri ak tout boulinn pou sove lavi yo.

Nouvèl yo rapòte anpil blese, men poko gen enfòmasyon sou kantite moun ki ta mouri pandan ensandi an.

XS
SM
MD
LG