Accessibility links

Breaking News

Etazini: Omwen 31 Moun Mouri nan Dife Forè ki Anvayi Kèk Zòn Abitab nan Kalifòni


Sapè ponpye kap goumen ak dife nan zòn Simi Valley, Kalifòni 12 nov. 2018.
Sapè ponpye kap goumen ak dife nan zòn Simi Valley, Kalifòni 12 nov. 2018.

Nan Kalifòni, sapè pompye te fè fas ak anpil difikilte pou etenn gwo dife lanfè ki eklate nan tou 2 ekstremite eta yè dimanch 11 novanm 2018 la akoz sechrès ak gwo van ki tap soufle nan zòn nan.

Kantite moun ki mouri nan ensandi a monte nan anviwon 31, e chif sa a byen kapab ogmante ofiramezi; sekouris yo ap chache atenn yon seri rejyon ki deja detwi rapyetè.

Plis pase 8 mil sapè ponpye ap debouye yo kou mèt Jan Jak pou touye swadizan dife forè ki pete nan pati nò eta Kalifòni.

Otorite yo evakye plizyè milye rezidan ki eseye pote ak yo kèk nan atik yo te kapab ranmase prese-prese.

XS
SM
MD
LG