Accessibility links

Breaking News

Bwigad pou Batay Kont Trafik Dwòg (BLTS) met la pat sou 3 etranje nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture


Credit: PNH
Credit: PNH

Sou kont rezo sosyal yo PNH la anonse piblik la arestasyon twa etranje nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, yo te arete paske yo sispèk ke te pote dwòg nan vant yo.

Bwigad pou batay kont trafik dwòg (#BLTS) Direksyon Santral Polis Jidisyè (#DCPJ), te pwosede ak arestasyon yo sispè yo madi 7 desanm lan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a.

Otorite yo te sispèk ke etranje yo te ap transpòte dwòg nan vant yo. Yo te transpòte yo nan yon lopital nan zòn metwopolitèn nan pou yo te fè radyografi. Rezilta radyografi a revele ke yo gen sibstans nan trip yo. Yon pwosedi ap fèt pou rekipere yo (dwòg) gen yon ankèt jidisyè ki louvri nan DCPJ pou ka trase rezo lòt konplis yo.

Men lis non moun nou arete yo: Kenneth MADUKANZE ki te fèt 3 out 1993, Peter IDIBAGEN fèt 6 jiyè 1993 ak Bandiougou BAGAYOKO fèt 7 jiyè 1997.

Tout sispè ke otorite ayisyen yo te arete yo gen paspò Italyen.

XS
SM
MD
LG