Accessibility links

Breaking News

Brezil: Sekouris Wete 5 Lòt Kadav Anba Debri 3 Gwo Kay ki Tonbe


Brezil: Sekouris Wete 5 Lòt Kadav Anba Debri 3 Gwo Kay ki Tonbe
Brezil: Sekouris Wete 5 Lòt Kadav Anba Debri 3 Gwo Kay ki Tonbe

Nan peyi Brezil, sekouris brezilyen yo rive wete omwen 5 kadav anba debri 3 bilding ki te kraze anba lavil Rio Janeiro.

Ekip dijans yo jwenn kò moun ki mouri yo gras ak chyen e gwo machin itilize pou yo chache nan debri building yo ki te tonbe mèkredi 25 janvye a.

Omwen 6 moun te blese e gen 15 lòt ki disparèt toujou. Majistra Rio a, Eduardo Paes, di sanble se yon pwoblèm defo konstiksyon ki ta lakoz batiman yo tonbe an, se pa ta yon fwit gaz tankou yo te di sa anvan.

Temwen fè konnen, nan nuit madi pou leve mèkredi, yo te tande yon bri ki te sanble ak yon eksplozyon e se lè sa a tèt bilding yo te tonbe. Yon temwen yo pa idantifye di aksidan sa a sanble ak atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001 la.

XS
SM
MD
LG