Accessibility links

Breaking News

O Brezil: Ansyen Prezidan Luiz Inacio "Lula" da Silva Resevwa yon Santans 12 Zan Peizon


Patizan ansyen prezidan Lula da Silva pran lari pou yo denonse yon santans prizon lajistis ba li e mande kite li poze kandidati li nan eleksyon prezidansyèl oktò 2018 la.
Patizan ansyen prezidan Lula da Silva pran lari pou yo denonse yon santans prizon lajistis ba li e mande kite li poze kandidati li nan eleksyon prezidansyèl oktò 2018 la.

O Brezil, yon jij pase lòd pou ansyen Prezidan Luiz Inacio "Lula" da Silva rann tèt li bay otorite yo nan vil Curitiba, pa pi ta ke nan apre-midi vandredi 6 mas 2018 la.

Manda-darè Jij Sergio Moro lanse dèyè ansyen prezidan an parèt kèlke zèdtan sèlman aprè pi gwo tribinal brezilyen an, Kou Siprèm Federal la, te vote 6 KONT 5 pou yo rejte demand defans la te fè pou otorite lajistis yo kite Misye Lula da Silva an libète toujou ann atandan Kou Siprèm nan di yon mo final sou rekèt avoka defans yo soumèt anatandan yo ale ann apel avèk santans la.

Vrèmanvre, ane pase a lajistis brezilyèn te jwenn ansyen prezidan an koupab dèske li te aksepte favè pèsonèl anba tab, sou fòm reparasyon yon konpayi ta fè nan yon apatmanl de plaj li posede; e, kòm rekonpans anba chal tou, gouvènman Lula da Silva te pèmèt konpayi a benefisye de priyorite lè Leta tap ofri kontra pou pwojè poblik ki ta dwe pase par yon apèl dòf kote tout konpayi
ta genyen menm chans.

Prezidant' Pati Travayè Brezilyen an, ki se yon senatris tou, Gleisi Hoffmann, ki tap pale ak jounalis yo aprè li te rankontre ak ansyen Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva nan Enstiti Lula a nan Sao Paulo, o Brezil, nan dat 5 avril 2018 la.
Prezidant' Pati Travayè Brezilyen an, ki se yon senatris tou, Gleisi Hoffmann, ki tap pale ak jounalis yo aprè li te rankontre ak ansyen Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva nan Enstiti Lula a nan Sao Paulo, o Brezil, nan dat 5 avril 2018 la.

Pou prezidant Pati Travayè Brezilyen an, Gleisi Hoffman, santans lajistis bay ansyen prezidan an se yon gwo kou pou demokrasi brezilyèn nan. Madam Hoffman deklare:

"Sa a, se yon atak kont la demokrasi; kont dwa Prezidan Lula ki inosan. Pandan dewoulman tout pwosè a, yo pat menm rive prezante yon prèv ki ta montre ki krim Prezidan Lula te komèt. E kounyela a, avèk manda-darè Jij Moro a, se eseye yap eseye voye jete rekèt avoka defans yo fè pou yo ale ann apèl avèk afè a; paske avoka yo kapap fè kase santans jij la bay la.

Youn nan avoka ki reprezante ansyen prezidan an e ki pale non non kòlèg li yo nan ekip defans la, di gwoup la pibliye divès deklarasyon pou yo mete you ankwa devan lòd jij la, yon fason pou yo anpeche otorite yo remete ansyen lidè a nan prizon. Avoka sa a rele Critiano Zanin Martins. Mèt Christiano Martins di:

"Jodi a, nou rive konstate yon fwa ankò yo pran yon desizyon ofisyèl ki pa koresponn ak sa ki dwe fèt nan yon peyi ki gen Eta de Dwa. Dayè se yon desizyon ki kontrè ak pwòp konklizyon ki te sòti nan tribinal 4èm Distri Jiridik Federal la nan dat 24 janvye 2018 la."

Ansyen Prezidan Brezilyen Inacio Lula Da Silva, ki tap salye patizan ki te resanble pou yo aplodi li.
Ansyen Prezidan Brezilyen Inacio Lula Da Silva, ki tap salye patizan ki te resanble pou yo aplodi li.

Ansyen prezidan brezilyen an fè konnen akizasyon pou koripsyon k ap peze sou do l yo gen rezon politik dèyè yo; e objektif la se anpeche li poze kandidati li pou prezidan ankò nan eleksyon ki pral dewoule nan mwa òktòb 2018 la.

An tèm teknik, desizyon Kou Siprèm nan pa gen efè ase pou l ta fè komisyon elektoral nasyonal la wete non Lula da Silva sou lis kandida a la prezidans yo. Nan mwa dout pase a, Tribinal Elektoral Siperyè a te gen pou l anonse kilès ki ka kandida, kilès ki pa ka kandida akoz dosye kriminèl yo. Anpil moun te sezi wè pi gwo otorite elektoral la pat elimine kandidati Luiz Inacio “Lula” da Silva.

XS
SM
MD
LG