Accessibility links

Breaking News

Brezil Kalifye Pou Dezyèm Tou Mondyal Afrik Di Sid la


Luis Fabiano make 2 gòl e Elano mete yon gòl kontribisyon pou ede Brezil kale Kotdivwa (Côte-d'Ivoire) 3-1 dimanch e asire kalifikasyon Seleção auriverde (vert et or) a pou dezyèm faz Koup Dimond Foutbòl Afrik Di Sid la. 11 nasyonal brezilyen an rete yon match pou l jwe nan gwoup G a. Match sa a bay atakan Luis Fabiano okazyon make premye gòl li nan tounwa a apre 6 match. Gras ak yon bèl pas Kaka te voye ba li nan vennsenkyèm minit jwèt lan, anndan sifas reparasyon an, misye klase balon nan "linèt" poto gòl gadyen ivwaryen an ki pat ka fè anyen pou evitè boul difisil sa a.

Nan senkantyèm minit rankont la, Luis Fabiano vinn gate sitiyasyon an nèt pou ekip afrikèn nan, apre li drible 2 defansè pou l lage yon kout-pye "gòch" (toupre kote yo choute penalite yo) nan filè seleksyon ivwaryen an. 12 minit apre, Elano vinn sele sò afriken yo, apre Kaka (ke abit la mete deyò pou dezyèm katon jòn li) te kreye opòtinite a pou li.

Didier Drogba, ki monte teren an pou premye fwa apre li te kase bra dwat li, lave lonè Seleksyon Nasyonal Foutbòl Kotdivwa a gras ak yon tèt ki twonpe vijilans gadyen brezilyen an nan 79 minit match-la. Rezilta: 3-1 anfavè Seleçao la.

Anvan sa, nan Gwoup-F, Nouvelle Zelande siprann bonnanj aktyèl chanpyon dimond lan, Italie (ke tout pwonostik te bay kòm gayan) ke l kenbe "en échec" ak yon match nil 1-1 nan Nelspruit. Obsèvatè yo di se youn nan rezilta moun pat atann ditou nan mondyal sa a, sitou se Neyozelandè yo ki make gòl an premye nan 7tyèm minit la gras ak Shane Smelts anvan Vicenzo Iaquinta vinn egalize pou Italie ak yon chout penalite nan 29vyèm minit la.

Yon lòt kote, nan Bloemfontein, Paraguay kale Slovakie, 2-0 pou l pran tèt Group-F la apre 2 match jwe. Paraguay te domine seleksyon rival ewopeyen an nèt pandan fas a fas la ki fini nan avantay paragueyen yo. Kounye a, Paraguay nan tèt klasman gwoup li a avèk 4 pwen. Dèyè li, nou jwenn Nouvelle Zelande ak Italie ki genyen 2 pwen yo chak, ak Slovakie nan ke kamyonèt la avèk 1 pwen.

XS
SM
MD
LG