Accessibility links

Breaking News

Brezil Gen Yon Nouvo Prezidan, Se Lidè Pati Travayè a, Dilma Rousseff


Brezil Gen Yon Nouvo Prezidan, Se Lidè Pati Travayè a, Dilma Rousseff
Brezil Gen Yon Nouvo Prezidan, Se Lidè Pati Travayè a, Dilma Rousseff

Kandida pati ki sou pouvwa a nan peyi Brezil --- Pati Travayè a ---- Dilma Rousseff ranpòte eleksyon prezidansyèl yo dimanch 31 oktòb 2010 la e li pran angajman pou l kontinye ak politik prezidan sòtan an ki trè popilè, an palan de Luiz Inacio da Silva alyas Lula .

Miss Rousseff tounen premye prezidan fanm ki pral dirije peyi Brezil lè l ap prete sèman premye janvye 2011. Li genyen yon mandra 4 tran.


Nan diskou Miss Rousseff pwononse devan patizan l yo nan kapital Brasilia a , li presize yon lòt fwa ankò l ap kontinye ak pwogram sosyal an favè polisyon an ak politik ekonomik la.

Prezidan eli a lanse yon apèl bay sektè dafè a , legliz ak lòt sektè nan peyi a pou konbat lamizè paske gouvènman an pa fè l pou kont li.

Miss Rousseff di: “Brezil pa dwe janm sispann travay depi gen moun k ap dòmi nan lari , depi pwoblèm tankou grangou ak pwoblèm dwòg kontinye ap sakaje peyi a .

Wo tribunal elektoral brezilyen an di Miss Rousseff ki nan Pati Travayè a ranpòte 56 % vwa yo alòske rival li a Jose Serra, kandida Pati Demokrat Kretyen Brezilyen –an ranpòte 44%.

Dilma Rousseff se yon granmè---ki donk li gen pitit-pitit . Li gen 62 zan e l ap ranplase prezidan Luiz Ignacio da Silva alyas Lula ki se papa spirityèl li nan politik.

Wout li nan direksyon laprezidans nan tèt peyi ki reprezante pi gwo ekonomi nan rejyon amerik latinn nan se yon bagay tradisyonèl. Li se pitit-fi yon imigran peyi Bulgari e li te antre nan mouvman geriya gochis la nan ane 60 yo

--gwoup ki te ofri yon resistans kont diktati militè a nan epòk la. Li pase 3 zan nan prizon e pandan l te nan prizon an yo te tòture l e yo te bali chòk elektrik.

Apre l soti nan prizon nan kòmansman ane 70 -yo , li kontinye ap milite nan politik e se konsa li te vinn antre nan Pati Travayè mesye Lula a .

Apre mesye te monte sou pouvwa a , Miss Rousseff te vinn jwe wòl minis enèji e pita apre li te vinn tounen chèf kabinè prezidan an.

Miss Dilma Rousseff pran angajman pou rapousuiv ap pwogram sosyal prezidan Lula a, yon pwogram ki vize retire 20 milyon brezilyen nan lamizè.

XS
SM
MD
LG