Accessibility links

Breaking News

Ansyen Konseye pou Sekite Nasyonal Donald Trump, John Bolton, Defann Kritik Li Fè kont Prezidan an


Ansyen Konseye pou Sekirite Nasyonal Lèzetazini John Bolton, nan stidyo VOA, mèkredi 24 jen 2020.
Ansyen Konseye pou Sekirite Nasyonal Lèzetazini John Bolton, nan stidyo VOA, mèkredi 24 jen 2020.

Ansyen konseye sekirite nasyonal Prezidan Donald Trump la, John Bolton, defann kritik li lanse kont ansyen patwon l nan nan yon liv li ekri sou resan pasaj li nan La Mezon Blanch. Misye Bolton fè konnen Prezidan Trump, kòm yon lidè, se yon moun ki pa gen tèt li an plas, li enstab e li dispoze mete sekirite nasyonal peyi a an danje pou l amelyore chans pou l ranpòte yon dezyèm manda. Misye Bolton pale konsa nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik mekrèdi 24 jen 2020 an; jounalis ki te resevwa l la se Greta Van Susteren, ki prezante yon pwogram kote li pase an revi dosye relasyon entènasyonal Lezetazini.

Ansyen konseye prezidansyèl la deklare: “Mwen panse fason li pran desizyon se yon bagay ki danjre. Li toujou dispoze sikonbe anba tantasyon pou l rankontre avek Ayatola yo, menm jan li dispoze fè chita-tande avèk Kim Jong Un.” Se yon fason pou Misye Bolton pale de negosyasyon administrasyon Trump la fè avèk Iran epi Kore di Nò.

Ansyen konseye prezidansyel la ajoute li te asiste yon seri de konvèsasyon ki te deranje l -konvèsasyon kote, pa egzanp, Prezidan Trump te mande Prezidan chinwa a, Xi Jinping, ede l ranpòte pwochen eleksyon an Ozetazini; konvèsasyon kote li te fè konnen aklè li te dispoze mete fen nan kèk ankèt kriminèl Lèzetazini t ap mennen, yon fason pou l rann yon sèvis pèsonèl ak 2 zou 3 disktatè li apresye; epi tou te gen yon okazyon kote prezidan an te di se t ap yon bon bagay pou Lèzetazini anvayi Venzuela epi, yon moman apre sa, li pa t gen pwoblèm pou l pran fesilite lidè otoritè peyi a, Nicolas Maduro, kòm yon nonm ki entèlijan e ki gen gason sou li.

Anpil nan kritik Misye Bolton yo parèt nan yon liv tou nèf l ap pibliye, men administrasyon Trump la ap eseye fè tout sa l kapab pou l bloke piblikasyon an. Semèn pase a, yon tribinal nan vil Washington te rejte yon demand administrasyon te fè pou l bloke demach ansyen konnseye a; men jij la te di:

“Desizyon Bolton pran inilateralman, pou kont li, pou l pibliye liv la soulve kèk kesyon grav konsènan sekirite nasyonal peyi a.”

Bò kote pa l, Sekretè Deta ameriken an, Mike Ponpeo, pibliye yon deklarasyon kote li denonse John Bolton kom “yon trèt”, poutèt “ l ap simaye “demi-verite kri” ak pawòl ki se “manti tou pi”, epi deske li vyole konfyans sakre pèp ameriken an te mete nan li.

XS
SM
MD
LG