Accessibility links

Breaking News

Black Caucus Kongrè Ameriken an Reyaji Sou Kriz Elektoral la ann Ayiti


Black Caucus Kongrè Ameriken an Reyaji Sou Kriz Elektoral la ann Ayiti
Black Caucus Kongrè Ameriken an Reyaji Sou Kriz Elektoral la ann Ayiti

Isit Washington, Black Caucus la (sètadi manm kongrè ameriken an ki nwa) fè parèt yon Deklarasyon sou eleksyon yo nan peyi Dayiti e sou rapò yon misyon teknik l’OEA te prepare sou eleksyon sa yo. Deklarasyon sa a pote siyati aktyèl Prezidan Black Caucus la, depiute Emanuel Cleaver II, ak prezidan komisyon sou politik etranjè ak Afè Entènasyonal gwoup la, Depite Donald M. Payne. Dokiman an di deklarasyon an se yon repons pou apui Sekretè-Deta Hillary Clinton pote bay rapò l’OEA sou elekyson yo ann Ayiti.

Dokiman sa a di: “Black Caucus Kongrè ameriken an pa kapab fèmen je l sou pwoblèm grav eleksyon ki fèk dewoule ann Ayiti yo poze pou demokrasi an jeneral nan peyi a. Black Caucus la lanse yon apèl prese-prese bay Lèzetazini ak kominote entènasyonal la pou l mande yo defann ideyal jistis yo epi apiye yon nouvo pwosesis eketoral ann Ayiti a yon pwosesis ki lib e onèt. Ki respekte dwa pèp ayisyen an.

Nou pa inyore karaktè konplike pwoblèm sa a, menm jan nou pa fèmen je nou sou nesesite pou genyen yon gouvènman ayisyen k ap fonksyone. Manm nou yo te sou plas pèsonèlman pou yo wè zak kote yo te anpeche moun egzèse dwa de vòt yo, yo te sibi zak kraponnay, ak lòt kalte zak diskriminasyon. Okenn moun ni enstitisyon pa kapab vrèman pale e di laverite sou volonte pèp ayisyen an, si moun sa a, si enstitisyon sa a pa rapòte klèman, san pati pri, sikonstans enjist ki te antoure eleksyon mwa vovanm pase a. Si Lèzetazini vle jwe yon wòl, entegrite piblik fè nou egzijans pou nou fè pou lòt moun sa nou ta renmen fè pou pwòp sitwayen pa nou : sètadi yon aksè egal, ak yon pwoteksyon egal pou tout sila yo ki vle patisipe nan pwosesis demokratik la. "

Deklarasyon Black Caucus la kontinye pou l di : "Nan dat 7 janvye 2011, Cheryl Mills, konseye e chèf pèsonèl Sekretè-Deta Hillary Clinton, te rekonèt ke Lèzetazini ta kapab apiye lide pou lòt eleksyon fèt si yon rapò l’OEA fè rekòmandasyon pou sa"

Phillip Crowley, pòtpawòl Depatman Deta a, te fè konnen: "Premye rezilta yo pa reflete vòt pèp ayisyen an" epi li te ajoute : "Genyen bon jan sign ki montre te genyen fwòd elektoral enpòtan e rezilta prelimnè yo te pibliye yo, pa reflete vrè fason pèp ayisyen an te vote."

Deklarasyon Black Caucus la a ajoute e li souliye mo yo: "An nou pa chache degize sa nou deja konnen, a savwa, an tout bòn fwa, volonte pèp aysiyen an pat reprezante. Nou panse rapò l’OEA a ta dwe gen ladan n yon rekòmandasyon pou lòt eleksyon dewoule, epi Lèzetazini pa ta dwe andose rapò sa a jan li fòmile jounen jodiya."

Dènye paragraf deklarasyon Black Caucus la di : " Jiskaprezan volonte pèp ayisyen an poko satisfè. Nou lanse yon apèl prese-prese bay sekretè-deta Hillary Clinton pou l apiye yon rekòmandasyon pou lòt eleksyon dewoule ann Ayiti. Nou dwe kapab rann kont pou tout bagay sa yo ke nou di nou apiye an tan ke yon nasyon. Kòm yon pati entegral nan eleman ki reprezante peyi Etazini, Black Caucus la lanse apèl pou l mande pou nou voye yon mesaj diferan bay pèp aysyen an. “

XS
SM
MD
LG