Accessibility links

Breaking News

Biwo Depatman D'Eta sou Zafè Oksidantal yo Gen yon Nouvo Manm


Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.
Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.

Biwo Depatman Deta kap Travay sou Zafè Emisfè Oksidantal yo gen yon nouvo manm. Barbara Feinstein se nou vo Sekretè d'Eta Adjwen pou Zafè Karayib la.

Madan Feinstein se yon diplomat de karyè ki tap travay pou Ajans Entènasyonal pou Devlopman Entènasyonal la, USAID anvan sa. Nan USAID li te asistan adjwen direktris la pou zafè Karayib la, Ayiti, Kiba, Meksik ak Amerik Santral.

Madan Feinstein te travay tou nan La Chanm dè Reprezantan an.

Li te gen yon metriz nan Zafè Piblik Entènasyonal nan Inivèsite Princeton epi yon Bakaloreya dèz Ar pou Etid sou Amerik Latinn, Espayòl ak Pòtigè nan Inivèsite eta Kalifoni-Berkeley.

Madan Feinstein pale panyòl ak pòtigè.

XS
SM
MD
LG