Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton Ap Rekipere Apre Yon Enfeksyon Euwolojik, Dapre Konseye l


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazuni Bill Clinton.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazuni Bill Clinton.

Bill Clinton ap rekupere nan yon lopital nan Sid eta Kalifoni kote li tap resevwa swen pou yon enfeksyon euwolojik. Yon konseye di ansyen prezidan Ameriken an ap resevwa swen nan seksyon swen entansif lopital la "ICU" malgre li pap resevwa swen entansif. Konseye a ki pa pemet Associated Press site non ni pa bay okenn lot detay sou rezon ki fe yo mete misye nan seksyon swen entansif la.

Konseye a fe konnen ansyen prezidan an gen yon enfeksyon euwolojik ki kontamine san ni, men kounyea lap reprann ni - e ke li pat janm deteryore nan nivo pou'l sibi chok septik - ki se yon kondisyon ki ka koze lanmo yon moun.

Hillary Cinton - madanm ni - te akonpaye l nan lopital.


Mezon Blanch la di Prezidan Joe Biden pale ak Bill Clinton nan telefonn Vandredi apremidi.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG