Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton ak Bill Gates Mande Pou Yo Change Estrateji Nan Lit Kont SIDA a


Nan kad 18èm konferans entènasyonal sou SIDA a –k ap dewoule nan vil Vyèn, nan peyi Lotrich-- 2 nan pi gwo non ki makònen ak lit kont SIDA atravè lemond, ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak fondatè gwo konpayi elektwonik Microsoft, Bill Gates, lanse apèl pou yo mande yon pi bon itilizasyon fon lajan k ap ranmase pou lit la.

Misye Clinton akize kèk òganizasyon deske yo depanse twòp lajan nan papasri administratif e nan peye pou moun al patisipe nan rankont k ap fèt pa si pa la. Daprè misye Clinton, chak dola ki mal depanse, se lavi yon moun sa mete an danje.

Bò kote pa l, Bill Gates di lajan ki ranmase jiskaprezan pa ase –n ap site: « pou lòm debarase l tout bon de epidemi SIDA a. » Fondatè Microsoft la lanse apèl pou l mande rechèch ki ka debouche sou mwayen ki pi efikas pou geri moun k ap soufri ak maladi a ; e youn nan mwayen pou rechèch sa yo abouti, se koupe pou yo koupe sou depans administratif yo e ankouraje moun pran prekosyon pou yo pa trape SIDA –pami prekosyon sa yo genyen sikonsizyon ki se yon metòd ki deja fè prèv li, daprè Bill Gates.

Nou gen detay sou youn nan aktivite ki dewoule nan konferans la lendi 19 jiyè a avèk Marie Luce Pierre, anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la nan vil Vyèn, nan peyi Lotrich.

Nan yon entèvyou li fè ak Marie Luce Pierre, Dr. Paul Farmer ki se youn nan fondatè Zanmi Lasante e ki patisipe nan konferans sa a, pale de enpak tranblemanntè a gen sou sante moun ki ap viv ann Ayiti yo kounye la.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Marie Luce Pierre

XS
SM
MD
LG