Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Siyen Yon Lwa sou Depans Federal pou Yon Trilyon 300 Milya Dola Pou Ane Fiskal 2018 la


Prezidan Donald Trump ki te gen nan men li yon kopi lwa sou depans pou ane fiskal 2018 la, swa yon sòm 1 trilyon 300 milya dola, pandan li tap bay yon konferans pou laprès sou dosye a nan Salon Diplomatik La Mezon Blanch la nan Washington, vandredi 23 mas 2018, pandan Vis Prezidan Mike Pence, (agoch) ak Minis Komès la Wilbur Ross (adwat) tap gade. (Foto: Pablo Martinez Monsivais/AP).
Prezidan Donald Trump ki te gen nan men li yon kopi lwa sou depans pou ane fiskal 2018 la, swa yon sòm 1 trilyon 300 milya dola, pandan li tap bay yon konferans pou laprès sou dosye a nan Salon Diplomatik La Mezon Blanch la nan Washington, vandredi 23 mas 2018, pandan Vis Prezidan Mike Pence, (agoch) ak Minis Komès la Wilbur Ross (adwat) tap gade. (Foto: Pablo Martinez Monsivais/AP).

Nan yon konferans pou laprès Prezidan Donald Trump bay nan kòmansman apre-midi vandredi 23 mas 2018 la, li kritike lejislasyon sou depans federal yo, yon lejislasyon li siyen pou fè l tounen yon lwa malgre li-menm, daprè sa l di. Lwa prevwa gouvènman fedral la kapab depanse yon trilyon 300 milya dola pou rès ane fiskal la kap pran fen nan dat 30 septanm 2018 la. Misye Trump deklare:

"Lejislasyon sa a twò long: plis pase 2 mil 200 paj! Pèsonn pa kapab li li rapidman. Se ridikil. La pwochèn fwa m pral mande Kongrè a ban m dwa pou m bloke kèk pati presi nan yon bidjè, paske gen anpil bagay nan dokiman sa a ki pa fè sans. Li twò long; e se ridikil. Prezidan Obama te gen pou l fè fas ak menm pwoblèm sa a; e m kwè li pat apresye sa.”

Prezidan Trump apresye gwo ogmantasyon lejislasyon an pote nan bidjè pou operasyon fos zame amerikèn yo. Li pale plizyè fwa pou l di se youn nan pati nan lwa a li pa renmen, paske "Li prevwa bon jan lajan pou pèmèt nou pran swen lame nou an.”.

Minis Defans ameriken an, Jim Mattis (Foto Achiv).
Minis Defans ameriken an, Jim Mattis (Foto Achiv).

Kidonk, youn nan rezon ki esplike desizyon Prezidan Trump pran pou l siyen lejislasyon an, se paske lwa sa a finanse kèk nan priyorite li yo; tankou, pa egzanp, ogmantasyon bidjè Depatman Defans la ki reprezante, daprè Minis Defans la, Jim Mattis, "pi gwo depans militè nan tout iswa Lèzetazini." Nouvo bidjè defans la prevwa yon ogmantasyon 2,4% pou pèsonèl militè Lèzetazini

Nan yon moman nan konferans pou laprès la, Minis Mattis te resevwa envitasyon Prezidan Trump pou l te pran lapawòl sou bidjè depans la. Menm jan ak prezidan an, Misye Mattis apresye antwòt le fèt ke bidjè sa a ofri lame amerikèn nan mwayen li bezwen pou l rekanpe sou 2 pye l; pou l tounen "pi gwo fòs militè ki janm esgiste nan listwa."

Minis Sekite Enteryè Lèzetazini an, Kirstjen Nielsen.
Minis Sekite Enteryè Lèzetazini an, Kirstjen Nielsen.

Minis sekirite enteryè ameriken an, Kirstjen Nielsen, li menm tou, te jwenn envitasayon Prezidan Trump pou l di 2 mo sou bidjè lejislasyon an prevwa pou sekirize fwontyè Lèzetazini. Tankou Prezidan an, Madam Nielsen deplore desizyon Kongrè a pan pou l pa bay tout fon lajan Pouvwa Egzektif la tap chache pou konstriksyon yon mi sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la. Sou dosye sa a, Prezidan Trump, li menm, apresye le fèt ke Kongrè a mete anviwon 700 milyon dala sou kote pou sekirite fwontyè Lèzetazini yo…

Prezidan Donald Trump pale sou pwogram DACA a -swa yon pwogram ansyen Prezidan Barack Obama te mete an plas pou pwoteje jenn imigran ki te antre Ozetazini ilegalman avek paran yo pandan yo te piti toujou. Se yon pwogram ki pwoteje jenn sa ayo kont depòtasyon, ki pèmèt yo viv, travay epi etidye san pwoblèm nan peyi a. Sepandan administrasyon Trump la te pran yon desizyon ane pase a pou l anile pwogram nan. Lejislasyon an pa di yon mo sou pwogram nan. Prezidan Trump, ki voye yon mesaj dirèk bay benefisyè DACA yo, pale konsa:

“Kite m di nou lejislasyon sa a pa menm pale de pwogram DACA a. Pou jenn ki benefisye de pwogam nan, kite m di nou Repibliken yo apresye nou; Repibliken yo apiye nou plis ke Demokrat yo. Se itilize Demokrat yo ap itilize nou; men yo pap fè anyen pou nou."

Prezidan Trump te pale plus ke yon fwa pou l di si li siyen lejislasyon sa a, se paske “Yo fè m siyen li”. La a, Misye Trump tap pale de lidè repibliken yo nan Kongrè a ki te aksepte fè kèk konpwomi ak lidè demokrat yo pou lejislasyon an te ka pase.

An konklizyon, administrasyon piblik Lèzetazini an genyen yon bibjè depans kap pèmèt biwo Leta federal yo fonksyone rive jous nan fen ane fiskal la, swa jous nan dat 30 septanm 2018 la. Konsa manm Kongrè a (Repibliken kou Demakrat) ak Prezidan Donald Trump rive antann yo pou yo anpeche gouvènman federal la fèmen pou yon 3èm fwa ane sa a.

XS
SM
MD
LG