Accessibility links

Breaking News

Biden Ranfòse Asnal Arabi Sawoudit avèk Misil Patriyòt


Lèzetazini ekspedye yon gwo kantite entèseptè anti-misil Patriyòt nan Arabi Sawoudit nan semèn ki sòt pase yo, nan moman administrasyon Biden nan ap eseye bese sa ki reprezante yon pwen tansyon nan relasyon amerikano-sawoudyen an k ap vin pi konplike chak jou.

Nan sware dimanch 20 mas la, yon otorite wo-plase nan administrasyon an ki pale sou kondisyon pou non l pa site -paske La Mezon Blanch poko anonse nouvèl la ofisyèlman- konfime ke entèseptè yo deja ale nan Arabi Sawoudit; li ajoute desizyon sa a tonbe daplon ak pwomès Prezidan Joe Biden te fè lè l te di “Lèzetazini pral sipòte zanmi nou yo nan rejyon an.”

Dimanch la, konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch la, Jake Sullivan, te kondane fòs outi yo nan Yemèn apre yo te lanse youn nan pi gwo kantite dwonn ak misil sou enstalasyon petwòl ki trè zenpòtan nan Arabi Sawoudit, sa ki te pwovoke yon dife nan youn nan santral yo epi koupe distribisyon pwodiksyon petwòl nan yon lòt.

XS
SM
MD
LG