Accessibility links

Breaking News

Biyografi Joseph R. Biden Jr., Prezidan Etazini


Prezidan Etazini Joe Biden. (Foto Achiv).
Prezidan Etazini Joe Biden. (Foto Achiv).

Daprè laprès amerikèn, Joseph Biden ranpòte eleksyon prezidansyèl la aprè li te echwe nan 2 premye tantativ. A 78, l ap tounen prezidan ameriken ki pi granmoun nan listwa

Ansyen vis prezidan ameriken Joe Biden -ki gen yon plas an pèmanans sou tablo politik Lezetazini an depi preske 50 tan- te parèt byen plase pou l antre nan La Mezon Blanch sou 3èm esè li t ap fè pou l ranpòte yon eleksyon prezidansyèl. Pandan dènye moman kanpay elektoral la, sondaj ki te fèt atravè tout peyi a e menm nan eta ki pi enpòtan politikman yo, te montre ke Joe Biden t ap mennen devan prezidan an plas la, Donald Trump; e sitiyasyon an te rete konsa jous anvan jou eleksyon an, madi 3 novanm 2020 an.

Dapre analis politik yo ak pwofesyonèl nan zafè pwonostik, pandan responsab komisyon elektoral divès eta te bezwen plis tan pou yo te fin konte tout vwa yo, Biden te genyen plis chans matematikman pou l te fin pa rapòte 270 vòt li te bezwen nan Kolèj Elektoral la, yon antite ki genyen 538 vòt an tou e ki detèmine ki kandida ki ranpòte eleksyon an nan yon demokrasi kote chwa prezidan peyi a se yon chwa ki fet yon fason endirèk. Nan sistèm sa a, eta ki genyen pi gwo kantite vòt elektoral yo, se yo menm ki deside rezilta final eleksyon an.

Avek viktwa aparan Joe Biden nan, e avèk prestasyon sèman li an janvye 2021, l ap tounen 46èm prezidan Lezetazini. Menm anvan seremoni envestiti li dewoule, li deja genyen 78 tan sou tèt li, kidonk l ap tounen prezidan ameriken ki pi granmoun nan tout istwa peyi a; an tou ka li pi granmoun pase Donald Trump ki, li menm, te genyen 70 zan lè li te antre nan La Mezon Blanch.

Joe Biden te echwe 2 fwa nan efò li te fè anvan sa pou l ranpòte nominasyon Pati Demokrat la pou yon eleksyon prezidansyèl: an 1988 e 2008, kote li pa t rive trennen ase moun dèyèl. Li te pase 36 zan kòm senatè yon ti eta ameriken, Eta Delaware, e kòm vis prezidan ameriken sou 2 manda ansyen Prezidan Barack Obama (swa pandan 8 tan). Nan kous elektotal ki debouche sou eleksyon prezidansyèl 3 novanm 2020 an, li te gen pou l elimine anviwon 2 douzèn kandida rival pou l te pase men pran nominasyon Pati Demokrat la.

Pandan pandemi kowonaviris la ap fè ravaj tou patou sou teritwa nasyonal ameriken an, Joe Biden rive mennen sa analis yo rele “youn nan kapay ki mwen tradisyonèl” nan istwa resant eleksyon prezidansyèl la Ozetazini. Kontrèman ak Prezidan Trump, li te neglije tip kanpay ki rasanble gwo kantite moun nan meeting de mas yo ou rasanbleman politik yo; olye de sa, li te òganize rankont ak yon kantite patisipan redui, kote patizan li yo te respekte distans 2 mèt la kom distans sosyal e yo te mete mas nan figi yo. An plis de sa, pandan tout kanpay la, li te pwononse anpil diskou depi rezidans prive li, nan Eta Delaware, san li pa t deplase.

Se tout tan, e san mete dlo nan bouch li, Joe Biden te denonse Trump pou jan li jere lit kont pwopagasyon pandemi kowonaviris la Ozetazini; e li te leve lavwa pou l di move jesyon sa a bay Trump yon dosye ki fè l tounen lidè peyi ki anrejistre pi gwo kantite moun KOVID-la touye -swa plis pase 230 mil mò, daprè Sant Rechèch sou Kowonavris la nan Inivèsite Johns Hopkins. Biden fiini pa di:

“Trump kwaze bra l devan dega pandemi an. Trump monte drapo blan an kòmkwa pou l montre li rann tèt li devan atak kowonaviris la.”

Joe Biden te fini pa di, avèk yon dosye konsa, Trump pa merite pou l pase 4 lòt ane ankò kòm prezidan Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG