Prezidan Joe Biden resevwa nan La Mezon Blanch, vandredi 27 out 2021 an, Naftali Bennett, Premye Minis izrayelyen an k ap fè premye vizit li Ozetazini depi li te monte sou pouvwa a kote li mete fen nan 12 an administrasyon ansyen Premye Minis Benjamin Natanyahu.
Nan okazyon rankont sa a, 2 lidè yo abòde divès pwen nan gran dosye entènasyonal yo, tankou konfli Mwayen Oryan an avèk pwogram nikleyè iranyen an. Misye Bennett ensiste sou sa l konsidere kòm yon nesesite pou kominote entènasyonal la, ak Lèzetazini an tèt, kontinye fè presyon pou Teyeran kite pwogram nikleyè li a tonbe; konsa li plede pou Washington pa retounen nan yon akò kèk peyi te siyen ak Iran sou dosye sa a.
Klike sou lyen ki anba a pou w gade yon repòtaj Lyonel Desmarattes reyalize sou vizit chèf gouvènman izrayelyen an nan La Mezon Blanch.