Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden nan Anba Presyon Pou L Sispann Apiye Eleksyon ann Ayiti


 La Mezon Blanch, rezidans ofisyel Prezidan ameriken an.
La Mezon Blanch, rezidans ofisyel Prezidan ameriken an.

Plizyè sektè ap fè presyon sou gouvènmann ameriken an pou l sispann apiye plan Prezidan Jovenel Moise genyen pou l òganize yon referandòm epi eleksyon nan yon moman kote vyolans ak kantite kidnaping yo ap ogmante nan peyi a.   

Militan dwamoun ann Ayiti, yon ansyen anbasadè ameriken nan peyi a, mete sou kek gwoup nan sosyete sivil la ap fè presyon sou gouvènmann ameriken an pou l sispann apiye plan Prezidan Jovenel Moise genyen pou l òganize yon referandòm epi eleksyon nan yon moman kote vyolans ak kantite kidnaping yo ap ogmante nan peyi a.

Nan okzasyon yon seyans depozisyon vityèl ki t ap dewoule semèn pase a nan lokal Kongrè ameriken an, Depite Gregory Meeks, yon Demokrat New York, te pale kare pou l di: “Ayiti se yon peyi tèt anba. Pèp la ap soufri. Fòk sa sispann!”

Manifestan te pran lari pou yo pwoteste kont prezidan Jovenel Moise, nan Potoprens, nan dat 14 fevriye 2021).
Manifestan te pran lari pou yo pwoteste kont prezidan Jovenel Moise, nan Potoprens, nan dat 14 fevriye 2021).

2 manm sosyete sivil ayisyen an, yon ansyen anbasadè ameriken ann Ayiti, ak lidè yon ONG amerikano-ameriken k ap travay sou kesyon imigrasyon, te fè depozisyon yo vandredi 12 mas la devan palmantè ameriken yo, kote yo di eleksyon pa ka dewoule ann Ayiti, paske Konsèy Elektoral Ayisyen an manke kredibilite epi vyolans gang yo ap ogmante.

Manm panèl la bay otorite ameriken yo konsèy po.u yo pa apiye plan Prezidan Jovenel Moise genyen pou l òganize yon referandòm sou refòm konstitisyon an nan mwa jen pwochen, e ansuit eleksyon lejislatif ak prezidansyèl an septanm ak novanm ane sa a.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Pòtoprens, jou 2 mas 2020 (Foto Achiv)
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Pòtoprens, jou 2 mas 2020 (Foto Achiv)

Gen ayisyen (pami yo nou jwenn manm opozisyon politik la ak sosyete sivil la) ki konsidere konsèy elektoral Prezidan Moise fòme a kòm yon enstitisyon ilejitim paske se pou kont li lidè ayisyen an te mete li sou pye san li pa t mande patisipasyon ni opinyon sosyete sivil la. Manm KEP sa a pa t prete sèman devan Kou Kasasyon an jan konstitisyon an mande sa a, epi se ak prezidan an sèlman yo gen pou yo rann kont.

An gwo, Prezidan Jovenel Moise pa okipe kritik yo pandan l ap pote apui li bay konsèy elektoral la, menm lè li deklare li dispoze antre nan yon dyalòg ak opozisyon an.

ZAK VYOLANS YO AP OGMANTE

Pandanstan, yon gwo ogmantasyon nan vyolans gang yo ak kantite kidnaping ke fòs polis nasyonal la pa rive kontwole, pa p bay kandida yo posiblite pou yo mennen kanpay nan rejyon ki gen plis moun yo atravè peyi a.

Militant ayisyèn, Emmanuela Douyon, manm “Nou Pa p Domi”, yon òganizasyon nan sosyete sivil la k ap lite kont koripsyon, fè konnen Lèzetazini pa ta dwe repete erè li te fè nan le pase yo. Li deklare:

“Gouvènman ameriken an ta dwe rekonèt ke tantativ ki te fèt nan le pase, avèk apui aktè etranje, pou kore demokrasi ann Ayiti, pa rive debouche sou pyès pwogrè, e sa menm bay rezilta kontrè. Li lè, li tan pou nou kite sosyete sivil la pran devan nan deside ki lè pou n sipòte òganizasyon eleksyon ann Ayiti, e pou n respekte efò l ap fè aktyèlman pou li rezoud kriz la jan li vle fè l la.”

Yon nèg ki voye tounen sou lapolis yon bwat gaz lakrimojèn nan yon manifestasyon kont Prezidan Jovenel Moise nan Pòtoprens, nan dat 10 fevriye 2021 (Foto Achiv).
Yon nèg ki voye tounen sou lapolis yon bwat gaz lakrimojèn nan yon manifestasyon kont Prezidan Jovenel Moise nan Pòtoprens, nan dat 10 fevriye 2021 (Foto Achiv).

Avoka Rosy Auguste, direktris pwogram nan òganizasyon Rezo Nasyonal Ayisyen pou Defans Dwamoun (RNDDH), fè konnen peyi a bezwen yon konsèy elektoral ki merite konfyans anvan pou eleksyon dewoule. Mèt Auguste deklare:

“Ann sispann apiye yon pwosesis elektoral ki pral mennen nan enstabilite politik.”

Anbasadè ayisyen an Ozetazini, Bocchit Edmond, pa t patisipe nan seyans depozisyon ki te dewoule nan Kongrè ameriken an; men, nan yon entèvyou li te bay Lavwadlamerik apre sa, li rejte doleyans pèsonalite ki te patisipe yo kòm diskou politik. Li fè konnen:

“Mwen panse se yon gwoup moun ki ta renmen goumen kont yon gouvènman ki te eli demokratikman; yo ta renmen ranvèse li pou yo ranplase l pa yon gouvènman tranzisyon, paske yon tranzisyon ap sèvi enterè yo. Se sa sèlman bagay la ye!”

Misye Edmond ajoute se pa Prezidan Jovenel Moise ki kreye pwoblèm Ayiti ap konfwonte yo, e Ayisyen yo ta dwe mete tèt yo ansanm pou yo jwenn solisyon yo.

POZISYON ADMINISTRASYON BIDEN NAN VIZAVI SITIYASYON AN ANN AYITI

Jiskaprezan Prezidan Joe Biden konsève apui Lèzetazini t ap bay gouvènman Moise la depi sou administrasyon Trump la. Depatman Deta ak anbasadris Lèzetazini nan Pètoprens la, Michele Sison, pale plizyè fwa pou yo di eleksyon lib, onèt e kredib, retablisman enstitisyon demokratik yo, epi respè pou eta de dwa se faktè ki esansyèl. Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak Òganizasyon Nasyon Zini (ONU), yo menm tou, fè menm deklarasyon sa yo.

Sekretè Deta Antony Blinken, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Depatman Deta nan Washington (Foto Achiv).
Sekretè Deta Antony Blinken, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Depatman Deta nan Washington (Foto Achiv).

Pandan seyans depozisyon devan Komisyon Afè Etranjè Chanm Reprezantan an nan dat 10 mas la, Depite Andy Levin -yon Demokrat Eta Michigan ki toujou kare lè l ap pale-- te mete presyon sou Sekretè Deta Antony Blinken pou l di pozisyon li sou mank konfyans ke li menm, Depite Levin, genyen nan posiblite administrasyon Moise la pou l òganize eleksyon lib e onèt. Chèf diplomasi amerikèn nan te reponn:

“Mwen pataje preokipasyon w konsènan kèk nan aksyon gwo ponyèt e anti-demokratik ke nou fèk konstate yo, espesyalman le fèt ke l ap dirije pa dekrè; dekrè sa yo deranje seryezman mach enstitisyon demokratik yo ann Ayiti. Kidonk, n ap pale klè pou n di ke kounyela a menm, pandan n ap fè deba sa a, dekrè yo dwe limite nan sa ki esansyèl pou gouvènman an fonksyone; epi, pou m reponn kesyon w lan presizeman, nou bezwen wè Ayisyen yo òganize, avèk apui entènasyonal, eleksyon ki vrèman lib e onèt ane sa a menm.”

XS
SM
MD
LG