Accessibility links

Breaking News

Biden Anvizaje Deklasifye Kek Dokiman Ki Gen Rapo ak Atak 11 Septanm yo


Prezidan Joe Biden pale depi sal a manje ofisyel Mezon Blanch la nan Washington, 3 Septanm, 2021.
Prezidan Joe Biden pale depi sal a manje ofisyel Mezon Blanch la nan Washington, 3 Septanm, 2021.

Prezidan Joe Biden siyen yon lod egzekutif ki pase lod bay FBI (Biwo Federal Envestigasyon an) pou'l deklasifye kek dokiman ki gen rapo ak atak teworis 11 Septanm 2001 yo.

Lod egzekutif sa a se yon jes prezidan an fe pou apiye fanmi viktim yo kap chache dosye depi syek de syek ak espwa y'ap kapab enplike gouvenman Saoudyen an nan atak sa yo.

Sepandan, konsekans pratik lod sa a ak nempot ki nouvo dokiman ki ka vinn piblik poko finn kle.

Anket ki fet nan pase a te jwenn kek lyen ant moun Arabi Saoudit ak kek nan mesye ki te fe dappiyanp sou avyon Ameriken yo, men rezilta yo poko janm montre ke gouvenman Arabi Saoudit la te konplis nan atak yo.

XS
SM
MD
LG