Accessibility links

Breaking News

Bato-Lopital Lamarin Etazini, USNS Comfort , Pral Vizite Ayiti


Nan tèt kole ak Ministè Lasante Piblik ak Popilasyon peyi Dayiti, Anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens ap anonse bato-lopital Lamarin peyi Etazini «USNS Comfort» la ap vin vizite peyi Dayiti.

Bato sila a ap rive nan Pòtoprens jou k ap 18 out la. L ap kite peyi Dayiti jou k ap 30 out. Vizit bato sila a fè pati ekzèsis «Continuing Promise 2011» Lamarin peyi Etazini te fè bay peyi Dayiti.

Ekzèsis sila a se yon misyon 5 mwa k ap bay asistans imanitè nan Karayib la, Amerik Santral ak Amerik di Sid. Pòtoprens se nevyèm ak dènye kote bato lopital sila a ap kanpe. Vizit bato sila a se prèv bon jan angajman peyi Etazini genyen pou li ede peyi Dayiti. Li se prèv bèl istwa ak zanmitay peyi Etazini genyen ansanm avèk lòt peyi ki nan rejyon an.

Peyi Etazini ap di Ministè Lasante Piblik ak Popilasyon an mèsi dèske li te louvri pòt pou misyon sila a. Ekipaj abò bato lopital «USNS Comfort» la pral travay men nan men ak Ministè Lasante Piblik ak lòt patnè entènasyonal pou pote laswenyaj bay moun ki bezwen wè doktè an jeneral ak sila a yo ki bezwen wè dantis. Y ap swaye bèt tou.

Doktè ki abò bato sila a ap kòmanse konsilte moun ki bezwen wè doktè an jeneral ak sila a yo ki bezwen wè dantis jou k ap 19 out apati 8:00 tè nan maten pou rive 4:30 nan laprèmidi nan Tèminal Vare, ki chita nan Vare, nan zòn Site Solèy. Konsiltasyon yo ap fini jou k ap 28 out la.

Anplis asistans yo vin bay nan lasante, militè ki nan Jeni Maritim 28èm Batayon Mobil pou Konstriksyon Lamarin Etazini ak sòlda ameriken ki nan 8èm Batayon k ap sipòte travay enfrastrikti pral travay sou yon seri pwojè konstriksyon ak enfrastrikti gouvènman ayisyen an pral idantifye.

Misyon sila a montre enpòtans gouvènman ameriken an bay kesyon lasante nan jefò l ap fè pou bay yon asistans global tankou nan rekonstriksyon peyi Dayiti. Depi lane 2010 la kòmanse, peyi Etazini te bay plis pase 74 milyon dola nan domèn lasante nan peyi Dayiti. Asistans sila a gen ladan li sèvis sante pou lafanmi ak timoun yo ansanm ak prevansyon ak tretman maladi sida.

XS
SM
MD
LG