Accessibility links

Breaking News

Bato Lopital Lamarin Ameriken USNS Confort Ap Ryalize yon Misyon Asistans Medikal ann Ayiti


Bato USNS Comfort (Foto: Koutwazi Anbasad amerikèn nan Trinidad ak Tobago)
Bato USNS Comfort (Foto: Koutwazi Anbasad amerikèn nan Trinidad ak Tobago)

Anbasad ameriken anonse Bato Lopital Lamarin ameriken USNS Confort ap reyalize yon misyon asistans medikal ann Ayiti soti 4 pou rive 13 novanm 2019 la. Dapre anbasad la misyon sa a ap reyalize an kolaboasyon ak ministè sante piblik e polis nasyonal la.

Ayiti se youn pami peyi bato sa a ap vizite sou yon periòd 5 mwa nan Amerik Latin nan ak Karayib la. Pandan periòd sa a an plis de Ayiti, ekip medikal la bay swen nan Kolonbi, Kosta Rika, Trinidad and Tobago, Ekwatè, La Grenad, Repiblik Dominikèn. Jamayik, Panama, Sent Lisi ak Saint Kitts and Navis.

Se 7èm vwayaj bato lopital la ap fè nan rejyon an depi 2007 e 5èm vwayaj li ann Ayiti. Bato sa a ap rive ann Ayiti nan moman anpil moun ki malad pa ka al pran swen lopital akoz tout bagay nan peyi a ki bloke.

XS
SM
MD
LG