Accessibility links

Breaking News

Dife Pran nan Yon Bato Lamarin de Gè Ameriken nan Baz Naval Vil San Diego


Bato de gè USS Bonhomme Richard ki te pran dife nan pò vil San Diego, nan Eta Kalifòni.
Bato de gè USS Bonhomme Richard ki te pran dife nan pò vil San Diego, nan Eta Kalifòni.

Nouvèl ki sòti nan Eta Kalifòni fè konnen, jounen lendi 13 jiyè 2020 an, moun ka wè ponpye atè, ponpye anlè nan syèl la, nan moman y ap redi pou yo etenn yon dife ki pran nan yon bato la Marin de Gè Lezetazini an nan baz naval San Diego a, dife ki blese omwens 21 moun abò a pandan l ap voye lafimen sou tèt vil la.

Dife sa a te kòmanse dimanch maten nan yon sal kote yo remize machin sou bato a ki rele USS Bonhomme Rchard, dapre Vis-Amiral Phillip Sobeck, ki fe konnen 17 maren ak 4 lòt moun (pami yo genyen ponpye) ap resevwa tretman lopital poutèt lafimen yo respite ak lòt blese lejè.

Maren ki te abo bato USS Bonhomme Richard nan Baz Naval San Diego a.
Maren ki te abo bato USS Bonhomme Richard nan Baz Naval San Diego a.

Se yon dife ki pa fasil pou etenn, sa ki oblije responsab yo fè apèl avèk elikoptè ki rete anlè pou y ap vide dlo anba; sa mande tou batiman espesyal k ap bonbade bato a avèk dlo lanmè, mete sou komyon ponpye ki monte sou warf la avèk gwo tiyo dlo pou yap ponpe dlo sou bato a.

Vis Amiral Sobeck, ki pale ak jounal The San Diego Union-Tribune, fè konnen pa genyen ekipman militè abò a epi, menmsi genyen yon milyon galon gaz anba lakay bato a, kabirann sa a twouve l tèlman fon anba bato a, pa gen mwayen pou chalè a rive prè l ase pou fè l anyen ditou.

XS
SM
MD
LG