Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal Anile 36 Milyon Dola Dèt Pou Ayiti


Reprezantan Bank Mondyal nan Pòtoprens, Eustache Ouayoro, di anilasyon dèt Ayiti Pou enstitisyon an se aplikasyon mezi donatè te anonse nan fen mwa Mas la nan reinyon yo te fè Nouyòk la

Bank Mondyal anonse li anile yon dèt 36 milyon dola Ayiti te genyen pou enstitisyon an, gras ak kontribisyon 13 peyi. Prezidan Bank Mondyal la, Robert Zoellick, deklare soulajman dèt Ayiti a antre nan kad efò enstitisyon an ap fè pou l' pote kontribisyon n' nan rekonstriksyon nasyon karibeyen an.

Reprezantan Bank Mondyal ann Ayiti, Eustache Ouayoro, deklare se yon "reyaksyon pozitif prezidan nou an pou l' elimine dèt Ayiti". Ouayoro di anilasyon dèt la se aplikasyon yon mezi yo te anonse pandan reyinyon donatè yo nan fen mwa Mas la nan Nouyòk e ke enstitisyon an pre pou l' patisipe nan rediksyon dèt Ayiti":

Bank Mondyal di, depi apre tranblemann'tè ki te sakaje Ayiti a, li deja bay peyi a 479 milyon dola èd pou devlopman ki dwe kouvri tout depans pou jouk mwa jen 2011.

NB: Nou ka fè yon klik sou logo mp3 ki anwo e adwat atik la pou n' koute deklarasyon misye Ouayoro fè bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG