Nan Bahreïn, youn gwoup palmantè k ap soutni gouvènman an lanse apèl pou mande dirijan yo deklare Lwa Masyal nan peyi a, apre lapolis tire gaz lakrimojèn sou manifestan k ap pwoteste kont gouvènman ki te bloke yon otowout nan kapital la.
Ajans nouvèl Leta deklare palmantè yo vle pou Wa Hamad bin ISSA, al-Khalifa dekrete Lwa Masyal pou 3 mwa e yo lonje dwèt mou “kèk mouvman ekstremis” pou pètibasyon san parèy sitiasyon sekirite a nan Bahreïn.
Palmantè yo mande tou kouvre-feu ak deplwaman fòs sekirite atravè emira a yon fason pou pwoteje lapè ak estabilite. Gouvènman an poko reyaji vizavi rekèt palmantè yo.