Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Trump la Pral Aplike Règleman Pi Sevè sou Demand Azil


Lokal Depatman Jistis la nan Washington, D.C.
Lokal Depatman Jistis la nan Washington, D.C.

WASHINGTON (AP) - Administrasyon prezidan Donald Trump la fè konnen, nan jounen lendi 15 jiyè 201 la, li pral mete fen nan pwoteksyon azil pou pi fò migran ki sou teritwa ameriken an e ki te antre Ozetazini an pasan pa fwontyè peyi a pataje ak Meksik la nan kad yon ranfòsman batay lidè ameriken an ap mennen pou ranlanti imigrasyon. Daprè yon nouvo règleman ki parèt nan jounal Federal Register, moun k ap chache azil Ozetazini e ki te pase pa yon lòt peyi an premye, pa p elijib pou yo jwenn azil nan zòn fwontyè sid Etazini an. Règleman sa a, ki antre an vigè madi 16 jiyè 2019 la, valab tou pou timoun ki te travèse fwontyè a pou kont yo.

Regleman sa a aplikab tou pou tout moun ki rive sou fwontyè Etazini ak Meksik la. Pafwa moun k ap chache zail e ki sòti ann Afrik, Kiba, Ayiti ak lòt kontinan, se sou fwontyè sa a yo ale; men yon gwo majorite nan migran ki te vini resaman yo, se nan Amerik Santral la yo sòti.

Migran ki rive sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la pou yo mande azil.
Migran ki rive sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la pou yo mande azil.

Genyen kèk eksepsyon –pami yo gen moun ki te viktim trafik kretyen vivan ak moun k ap chache azil e ki te pran refi nan yon peyi ki te refize ba yo pwoteksyon. Si peyi kote migran an te pase a se yon peyi ki pa t siyen youn nan gwo trete entènasyonal ki presize kijan yo dwe jere refijye yo (an tou ka, pi fò peyi oksidantal yo te siyen trete sa yo), migran sa a toujou gen dwa aplike pou azil Ozetazini. Sepandan, desizyon administrasyon Prezidan Donald Trump la pran an –menm si tribinal ta bloke li- ap ranvèse yon politik Lèzetazini te genyen pandan plizyè dizèn dane sou fason yo trete refijye e li reprezante yon gwo ranfòsman menm lè ou konpare li ak lòt efò sevè ki te deja la pou frennen gwo kantite moun k ap sòti nan peyi pòv yo oubyen peyi lagè ap ravaje yo.

Minis Jistis ameriken an, William Barr, fè konnen Lèzetazini se « yon peyi jenere, men li vin depase totalman » avèk fado li gen sou do l e ki sòti nan efò pou arete epi jere plizyè santèn migran ki rive sou fwontyè sid la. Misye Barr ajoute nan yon deklarasyon: « Règleman sa a pral diminye kantite migran ekonomik yo ak sila yo k ap chache eksplwate sistèm nou an pou yo kapab antre Ozetazini. »

Li preske si e sèten règleman sa a pral fè fas ak kèk defi legal. Pa egzanp, Sendika Libète Sivil Ameriken an (ACLU) deja anonse li pral rele administrasyon an nan tribinal. Avoka òganizasyon sa a, Lee Gelernt --ki deja asiyen administrasyon Trump la plizyè fwa pou politik imigrasyon li-- fè konnen se yon règleman ilegal.

Sous: Associated Press (AP).

XS
SM
MD
LG