Nouvèl ki sòti nan palman ayisyen an fè konnen Sena a fikse madi 10 avril kap vini la a kòm dat pou l vote sou nominasyon Lurent Lamothe pou pòs Premye Minis la. Gran kò a fè anns la jedi 5 avril la, swa 24 trè aprè komisyon ki t ap etidye dosye kandida pou plas chèf gouvènman an te remèt rapò li bay Sena a. Nap raple ke 3 manm komisyon an pa siyen dokiman ki devan gran kò a. Sepandan, nan yon entèvyou avèk korespondan nou Rotchild Francois Jr., Prezidan Sena a, Desra Dieuseul Simon, fè konnen rapò a valab, puiske li genyen kantite siyati ki nesesè a, sitou siyati prezidan komisyon an.