Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Seminè Fòmasyon Pou Jounalis Ayisyen Pran Fen nan Washington

(Sòti a goch ale adwat): Direktris Pwogramasyon Lavadlamerik la, Kelu Choa, Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, Reprezantan USAID, Dr. Elsy Salnave, ak youn nan jounalis yo, Doktè Odilet Lespérance, te poze pou yon foto nan fen seremoni remiz sètifika yo.

Yon seminè fòmasyon pou jounalis lasante ki te dire tout yon semèn pran fen vandredi 12 out 2016 la nan Lavwadlamerik. Se USAID ki finanse seminè sa a ki te reyini 9 jounalis ayisyen.

Pandan fòmasyon sa a, jounalis yo te patisipe nan plizyè aktivite tankou, pa egzanp, prezantasyon sou teknik pou fè entèvyou pwofesyonèl, sa ki nesesè pou jounalis pwofesyonèl konnen, repòtaj sou dezas, itilizasyon medya sosyal, diferans ant ekri pou radyo konpare ak ekri pou televizyon, kòd deyontolojik Lavwadlamerik…

1e ranje: Claude Bernard Sérant, Cyndie Régis, Johnny Célicourt, Sabry Iccénat, Gladimy Ibrahïm.- 2èm ranje: Fanel Delva, Frantz Duval, Ronald César (direktè, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la), Pierre-Paul Ancion, Dr. Odilet Lespérance, Dr. Elsy Salnave (USAID).

An plis tèm sa yo, jounalis yo te rankontre plizyè ekspè nan domèn lasante nan zòn metwopolitèn Washington nan e yo te gen okazyon fè entèvyou avèk yo. Youn nan ekspè sa yo se Doktè Anthony Fauci, direktè NIAID (Enstiti Nasyonal Lèzetazini pou Alèji ak Maladi Enfektyez). Se te yon opòtinite tou pou jounalis yo patisipe nan yon konferans pou laprès avèk kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, sou, antwòt, asistans Lèzetazini pou Ayiti epi pozisyon Washington sou sitiyasyon jeneral la ann Ayiti.

Plizyè ekspè nan OPS (Oganizasyon Panamerikèn Lasante) te bay yon konferans pou laprès tout eksprè pou gwoup jounalis yo ki pat rate okazyon sa a pou yo poze kesyon ki gen rapò ak maladi enfektyez yo, tankou Zika.

Nan kòmantè jounalis yo fè sou seminè fòmasyon an, yo eksprime satisfaksyon yo pou tout aktivite ki te sou pwogram nan. Yo lanse lide pou tip fòmasyon sa a dire pi lontan e pou l kontinye pou pèmèt plis travayè laprès ayisyen benefisye. Yo remèsye Lavwadlamerik ak misyon USAID ann Ayiti ki te rann pwogram fòmasyon sa a posib.

XS
SM
MD
LG