Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Aktyalite - Nouvèl an Brèf


Anbasad amerikèn, USAID, Inyon Ewòp, an kowoperasoyn ak Depatman Afè Sosyal peyi d Ayiti, prezante yon sistèm enfòmasyon pou jere done ki gen rapò ak segman ki pi vilnerab nan sosyete a. Objektif la se pwoteje gwoup sitwayen ki pi defavorize yo.

**************************************************

Depatman Enteryè ak Kolektivite Teritoryal mete fen nan yon seyans staj ak fòmasyon ki dire 3 jou. Objektif seyans sa a sete ede delege ak vis-delege depatmantal yo jere risk ak dezas anvan, pandan e apre yon fenomèn natirèl, tankou siklòn, inondasyon, tranbemanntè, frape peyi a.

***************************************************

Nan dat 16 me 2018 la Mèri Pòtoprens la te pibliye yon arete sou jesyon "rezidus solides" nan kapital la. Ak arete sa a otorite yo entèdi moun jete fatra kote yo pa dwe fè sa. Yon sitwayen oubyen yon biznis ki vyole nouvo regleman yo ka peye yon amand ant 10 mil e 50 mil dola.

*****************************************************

Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ayisyen, Pierre J. A. Cadet, ap patisipe nan 58èm somè Minis Edikasyon peyi frankofòn yo (CONFEMEN). Somè sa a ap dewoule nan Nouvo Brunswick, o Kanada. Tèm nan se: Favorize Devlopman Ti Anfans e Garanti Aksè yon Edikasyon ki gen kalite. Ayiti fè pati òganizasyon frankofòn sa a depi 10 zan.

*****************************************************

Bòn nouvèl pou nou oditè ak telespektatè Lavwadlamerik yo. Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la (VOAKreyol) kreye yo APP pou pèmèt ou suiv tout nouvèl li yo andirèk nenpòt kote ou ye sou planèt la. Ou kapab telechaje app sa a ni sou IPHONE ni sou telefòn ANDROID.

XS
SM
MD
LG