Deba ak traktasyon politik kontinye ap fèt nan nivo palmantè sou dosye premye minis deziye a Dr. Garry Conille.
Pandanstan komisyon nan Chanm Depite a k ap etidye dosye kandida a pwomèt pou l renmèt rapò l nan finisman semèn nan oubyen nan semèn k ap vini an .
Chanm depite a ki gen pou vote an premye sou chwa Dr Conille la , deja genyen sa yon gwoup 59 palmantè rele “ majorite fonksyonèl “ ki sanble an favè ratifikasyon premye minis deziye a byenke yo di yo pa konsidere tèt yo ko, yon majorite prezidansyèl .
Sena limenm ap pare pou fòme tou yon komisyon nan kad pwosesis ratifikasyon an. Sitiyasyon an poko finn klè pou mesye Conille pwiske Rudolph Joazil, prezidan Chanm Sena a di gen 50% chans pou genyen yon ratifikasyon , tandiske Wenseslas Lambert , yon senatè Depatman Sidès mete l a 70% men a kondisyon dosye elijibilite l la satisfè egzijans konstitisyon an .
Nan pwogram Lib Tribin mèkredi 15 septanm , Dyaloge ak Etazini sou Lavwad’ Lamerik , Pastè Edouard Paultre, ko-òdonatè CONANE (Conseil National des Etats Non-étatiques), Senatè Wenseslas Lambert, reprezantan Sidès ak ekonomis ayisyen e analis politik Hary Fouché bay pozisyon yo sou deba k ap fèt sou chwa premye minis deziye a Dr Garry Conille.