Premye minis deziye ayisyen, Bernard Gousse, depozye pyès li jedi 21 jiyè a nan biwo Sena a.
Negosyasyon ap fèt ant palmantè blòk GPR yo ak Prezidan Michel Joseph Martelly pou wè si y a elimine diferans-dopinyon ki egziste antre yo sou kalifikasyon Misye Gousse pou l okipe pòs chèf gouvènman an.
Depite Mirbalais a, Albel Descollines, ki reyaji sou dosye sa a, di Lavwadlamerik gen yon posibilite pou 2 pouvwa wete peyi a nan enpas politik la.