Accessibility links

Breaking News

Otorite Lapolis yo ann Ayiti Anonse Plizyè Mezi Sekirite Pandan Peryòd Fèt Fen Dane yo


Pòtpawòl Adwjen Polis Nasyonal la (PNH), Gary Desrosiers
Pòtpawòl Adwjen Polis Nasyonal la (PNH), Gary Desrosiers

Pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal la (PNH), Gary Desrosiers, fè konnen enstitisyon polisyè a pran tout dispozisyon pou garanti yon klima sekirite nan peyi a nan peryòd fèt fen dane yo. Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy, enspektè Desrosiers mande popilasyon pou yo rete vijilan epi adopte yon konpòtman ki mache ak sekirite peyi a paske sekirite se dabò yon kesyon kompòtman.

Enspektè Desrosiers di tou se avèk kolaborasyon tout moun la travay lapolis la ap rive fè pi byen.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Pòtpawòl adwjen Polis Nasyonal la nan mikwo Jean Pierre Leroy.

Deklarasyon Pòtpawòl Adjwen Polis Nasyonal la, Gary Desrosiers, nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:23 0:00

XS
SM
MD
LG