Ministè Defans peyi Dayiti a fè konnen enskripsyon pou rekrite manm yon nouvèl fòs defans pou peyi a kòmanse lendi 17 jiyè 2017 la. Dapre otorite gouvènmantal yo, fòs sa yap mete sou pye a pral travay pou sekirize fwontyè peyi Dayiti pataje ak Sen Domeng, e tou, pou entèvni lè gen yon katastwòf natirèl.
Pwobèm Bidjè nan Dosye fòs defans Ayiti a:
Kesyon anpil moun ap poze sou dosye yon nouvèl fòs ann Ayiti a se: ki kote leta ayisyen pral jwenn lajan pou finanse pwòjè sa a? Nan moman peyi zanmi Ayiti yo tankou Lèzetazini deja montre yo pa entèrese nan yon aktivite konsa pou nasyon karayib la.
Sepandan, Minis Cadet ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy deklare, objektif gouvènman an se fòme yon nouvèl fòs defans kap gen ladan 6000 manm anviwon, men akoz pwoblèm bidjè yo oblije limite kantite a a 500 manm sèlman pou kounye a.
Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon Minis Hervé Denis a nan mikwo Jean Pierre Leroy.