Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Prezidansyèl: Mirlande Manigat Devan Nan Yon Sondaj


Yon òganizasyon ki fè sondaj sou eleksyon 28 novanm nan ann Ayiti, pibliye rezilta li yo mèkredi 24 novanm nan. Daprè sondaj sa a, sekretè jeneral RDNP (Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes), Mirlande Manigat, okipe premye plas la nan entansyon de vòt yo. Kandida ki vini dèyè lidè RDNP a se Jude Célestin, kandida INITE, pati gouvènmantal la. Yon tablo pasyèl rezilta sondaj la:

-Mirlande manigat: 36%

-Jude Célestin : 20%

-Michel Martelly (Sweet Micky) : 14%

-Jean Henry Céant : 9,2%

- Charles Henry Baker : 5,8%

-Yves Cristalin : 3,4%

-Jacques Edouard Alexis :2,9%

XS
SM
MD
LG