Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Martelly Kondane Asasinay yon Polisye nan Pòtoprens


Prezidan ayisyen an Michel Martelly (foto achiv)
Prezidan ayisyen an Michel Martelly (foto achiv)

Prezidan ayisyen an, Michel Martely, kondane asasinay polisye Luckner Sylvain, ki mouri anba bal bandi ame nan apremidi lendi 31 oktòb 2011 la nan Pòtoprens.

Plizyè bandi ak zam krible ak bal Luckner Sylvain, yon polisye an sivil ki t ap anpeche yon move zak nan yon katye nan Pòtoprens.

Luckner Sylvain, ki marye e papa 3 timoun, peri anba kout zam 2 endividi sou motosiklèt nan ru Caravelle, zonn Nazon, tou pre rezidans prive l .

Asasen yo pati ak zam polisye a.

XS
SM
MD
LG