Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik-Sekirite: Prezidan Jovenel Moise Anile Patisipasyon l nan Reyinyon Chèf Deta Manm CARICOM yo


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise

Prezidan Jovenel Moise anile patisipasyon l nan 31èm reyinyon entèseysyon chèf deta ak chèf gouvènman peyi manm CARICOM yo k ap dewoule nan Barbad soti 18 pou rive 19 Fevriye 2020 pou te diskite kesyon ki gen rapò ak rejyon an.

Pami pwen ki genyen nan kalandriye diskisyon yo nou jwenn kriminalite, kohezyon pami lidè nan rejyon an ki divize sou dosye Venezuela a epi pwochèn eleksyon nan l'OEA pou pòs sekretè jeneral la. Minis Afè Etranjè gouvènman demisyonè a Bocchi Edmond ap prezide delegasyon an.

Ayiti ap prepare pou fèt kanaval nasyonal yo nan Pòtoprens wikenns pwochen an. Sepandan lendi 17 fevriye 2020 an endividi moun a idantifye mete dife nan plizyè stann sou Channmas nan moman plizyè polisye tap patisipe nan yon manifestasyo pou mande dwa ak yon sendika pou defann yo.

Yon lòt kote zak ensekirite yo pa sispan malgre pwomès otorite yo pou rezoud pwoblèm bandi ame kap kidnape moun ak simen dèy nan popilasyon an. Omwen 5 moun ta viktim kidnaping pandan wikenn pase a dapre korspondan VOA, Renan Toussaint.

Lidè RDNP a, Erick Jean Baptiste, di se responablite pouvwa egzekitif lpou garanti sekirite tout sitwayen nan peyi a. Opozisyon blame leta li di ki ame bandi yo nan katye popilè yo, yon akizasyon otorite yo rejte kategorikman. Otorite polisyè yo ki parèt enpuisan devan zak bandi yo, mande leta a ba yo bon ja mwayen pou fè travay yo pi byen.

XS
SM
MD
LG