Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik : Sena a Rejte Nominasyon Bernard Gousse pou Pòs Premye Minis La


Bernard Gousse (foto achiv)
Bernard Gousse (foto achiv)

Sena ayisyen an rejte 2èm moun Prezidan Michel Martelly te chwazi pou ranpli fonksyon Premye Minis la.

Palmantè yo pa ratifye Bernard Honorat Gousse, yon avoka e yon ansyen minis lajistis ki gen anpil kontwovès k ap peze sou do l. Rejè sa a reprezante yon gwo kou pou demach Misye Martelly ap fè pou peyi a genyen yon gouvènman 3 mwa apre li prete sèman kòm prezidan.

16 sou 30 manm Sena a vote kont mesye Gousse, tankou yo te anonse sa depi kèk semèn. Lòt manm yo (14) fè abstansyon, sa vle di yo pa vote ni pou ni kont. Premye moun Prezidan Martelly te chwazi pou plas chèf gouvènman an, sete òm-dafè Daniel Gérard Rouzier; men Chanm Depite a te rejte nominasyon an nan dat 21 jen 2011 la.

Kounye a Misye Martelly pral gen pou l fè yon 3e chwa pou wè si finalman peyi a ta gen yon gouvènman an. Anpil manm kò diplomatik la leve lavwa pou di kijan absans yon gouvènman ba yo preokipasyon, paske sa genyen move konsekans sou egzekisyon pwojè kominote entènasyonal la prepare pou Ayiti ; kidonk se yon move bagay pou kowoperasyon peyi a ak lòt nasyon.

Pou plis detay sou vòt ki dewoule madi swa nan Sena ayisyen an kote majorite palmantè yo rejte chwa mèt Bernard Gousse pou pòs chèf gouvènman an, korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois reponn kesyon Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG