Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moïse Fas ak yon Seyans Miz ann Akizasyon nan Chanm Depite yo


Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse.

Depite yo nan opozisyon an envite plizyè pèsonalite nan sosyete ayisyen an pou vin asiste prezantasyon akt dakizasyon kont Prezidan Jovenel Moïse mèkredi 7 out 2019 la.

Pami envite yo nou jwenn ansyen Premye Minis ak minis jij, reprezantan òganizasyon dwazimen, komisè gouvènman ak lòt manm sosyete sivil la. Depite yo akize chèf leta a kòmkwa li ta vyole 25 atik konstitisyon an.

Gen 21 depite ki akize prezidan an. Sepandan yo bezwen 80 depite swa 2tyè asanble a pou mete prezidan Jovenel Moise an akizasyon avan Sena a erije l an wot kou de justis pou jije prezidan an pou retire l sou pouvwa a si l koupab.

Ayiti Ekonomi:

Administration Generale des Douanes anonse li kolekte pou mwa jiyè a 4 pwen 5 milya goud taks pwodui enpòte . Chif sa a reprezante yon rekò dapre direktè jeneral enstitisyon an Romell Bell. Selon responsab ladwan deja kolekte 77 pou 100 sou yon total 44 milya goud ki te prevwa nan lwa finans 2018-2019 la.

XS
SM
MD
LG