Accessibility links

Breaking News

Omaj Pou Viktim Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la ann Ayiti


Prezidan Préval ak madanm li Elizabeth Delatour akonpaye pa Premye Minis Jean Max Bellerive ap komemore 12 janvye 2010 la nan St Christophe kote plizyè milye viktim tranblemanntè 12 janvye a antere
Prezidan Préval ak madanm li Elizabeth Delatour akonpaye pa Premye Minis Jean Max Bellerive ap komemore 12 janvye 2010 la nan St Christophe kote plizyè milye viktim tranblemanntè 12 janvye a antere

Plizyè aktivite make premye anivèsè tranblemanntè terib ki te frape plizyè depatman ann Ayiti an janvye 2010 la. Soti nan mès aksyon de gras, vizit fòs komun kote viktim yo te antere san bliye inogirasyon yon memorial.

Kominote ayisyèn an nan dyaspora a pa rete endiferan, nan Miami, nan park Manon Sanon plizyè te reyini pou veye patriotik nan sware 11 janvye 2011 la kote plizyè ayisyen Ameriken te patisipe.

Anbasadè ayisyen an nan Washington Harold Joseph te fè selebre yon mès nan katedral Imakile Konsepsyon an nan Washington. Kominote a te asiste seremoni kote pè Jasmin te pale de enpòtans jou sa a genyen nan lavi sirvivan yo. Bò kote pa l, anbasadè Harold Joseph, te eksplike satisfaksyon ak repons li jwen bò kote kominote ayisyen an nan Washington ak zòn ki nan alantou yo.

Kominote entènasyonal la rekonèt se vre pwogrè yo pa anpil men o mwen gen yon pa ki fèt pou ane a k ap rive ede viktim k ap viv anba tant yo kote yo deja kòmanse ap konstrui kay pwovizwa pou loje viktim yo. Pwochen etap la se preparasyon pou gouvènmanan an kòmanse rekonstrui building ki te detwi pandan pasaj seyis la.

XS
SM
MD
LG