Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Depite Opozisyon an Kraze-Brize Materyèl Chanm Bas la


Ann Ayiti, dirijan chanm bas palman an pran yon gwo sezisman nan kòmansman jounen madi 3 septanm 2019 la. Lè yo te rive nan lokal palè lejislatif la, yo te jwenn tout materyèl yo devaste, wo palè kraze epi te gen luil nan anplasman kote premye minis nome a, Fritz William Michel, te genyen pou l fè prezantasyon politik jeneral li. Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, fè nou konnen depite opozisyon an pran responsablite pou sa k pase a, paske se yon fason pou yo anpeche Misye Michel prezante ak manm kabinè li pou l fè ekspoze pwogram politik li a.

Yon lòt korespondan nou, Matiado Vilmé, reyalize yon mikwo twotwa kote sitwayen yo bay opinyon depaman sou sitiyasyon an nan chanm bas la. Tandiske genyen ki apiye a 100% konpòtman depite opozisyon an, genyen lòt ki kondane sa k pase a: premye gwoup la di Prezidan Jovenel Moise pa ranpli kondisyon ki nesesè pou l nonmen pyès chèf gouvènman, tandiske yon lòt gwoup panse Ayiti gen twò lontan depi l ap viv kiz apre kriz e li lè, li tan pou peyi a genyen yon nouvo premye minis pou atake pwoblèm yo e chache solisyon pou yo.

Ayiti gen plis pase 4 mwa depi li pa geneyn yon gouvènman palman an ratifye. Nan mwa mas 2019 la Premye Minis Jean Henry Céant te oblije kite pouvwa a aprè majorite manm chanm bas la te ba li yon vòt non-konfyans. Après a, yon premye minis nome, Jean Michel Lapin, te echwe 2 fwa nan tantiativ li t ap fè pou l prezante politik jeneral li nan palman an.

Suiv yon repòtaj televize avèk Renan Toussaint depi Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG