Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ototire yo Entèdi Vant Gaz la Nan Resipyan


A man carries containers used for oil and gasoline during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti October 30, 2021. Picture taken on October 30, 2021.
A man carries containers used for oil and gasoline during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti October 30, 2021. Picture taken on October 30, 2021.

Gouvènman Ariel Henry a entèdi sou tout teritwa a lavant pwodui petwolye nan resipyan, yon fason pou asire yo ke pa gen okenn lot pomp ki boule, e pou anpeche lavant gaz la nan yon pri ki depase pri pomp yo.

Izaj yo reyaji apre gouvènman an entèdi vann pwodwi petwolye yo nan galon plastik ak lòt resipyan.

Yon responsab nan yon pomp nan kapital la te di korespondan nou an " nou ap respekte lòd otorite yo, nou pap vann gaz nan galon oswa nenpòt lòt objè. Petèt mwen kapab vann responsab lopital yo, si yo prezante yon lèt kredib ke lopital la bayo.

Izaje yo reyaji apre gouvènman an entèdi vant pwodui petwolye yo nan galon plastik ak lòt resipyan
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:23 0:00

Pa vann nan galon kreye yon lòt pwoblèm pou popilasyon an. Akòz mank gaz ki te genyen yo, chofè yo pa kapab kondwi machin yo oswa motosiklèt yo, pou al nan estasyon gaz yo.

XS
SM
MD
LG