Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Otorite yo Anonse Nouvo Dispozisyon Pou Konbat Kidnapping


Gouvènman ayisyen an anonse kèk mezi pou konbat ogmantasyon ensekirite a
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:06 0:00

Gouvènman ayisyen an anonse kèk mezi pou konbat ogmantasyon ensekirite a

Apre dènye manifestasyon te fèt dimanch pase kote manifestan yo tap rele aba kidnapping, nan mwens ke 48 èdtan ravisè yo te gentan rekòmanse anlve plizyè moun nan kapital Ayiti a, Pòtoprens.

Otorite yo anonse nouvo mezi pou chèche mete fen nan kidnapping nan ann Ayiti. Resonsab Police la Leon Charles deklare polisye yo vle kontinye travay an kolaborasyon ak pèp Ayisyen an. Msye Charles pibliye 2 nimewo telefòn moun kapab sone pou pataje enfomasyon ak la polis: 3838-1111 ; 3839-1111.

Anpil moun ap swiv pou wè si nouvo dispozisyon yo pral bay bon rezilta nan kad efò pou elimine zafè kidnapping nan nan peyi a.

XS
SM
MD
LG