Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyèn yo Aksepte Dwa Sendika nan Polis la e Reyentegre 5 Polisye, Aktè Mouvman an


Manifestan ki sou motosiklèt nan mach pou sipòte sendika nan Polis Nasyonal la dimanch 23 fevriye 2020 an nan Pòtoprens, Channmas.
Manifestan ki sou motosiklèt nan mach pou sipòte sendika nan Polis Nasyonal la dimanch 23 fevriye 2020 an nan Pòtoprens, Channmas.

5 polisye direksyon jeneral Polis Nasyonal la te revoke retounen nan enstitisyon an selon desizyon otorite pran. Ofis Pwoteksyon Sitwayen ( OPC) te mande direksyon jeneral la pou l te rekonsidere desizyon pou l revoke group polisye sa yo ki t ap mande fòmasyon yon sendika ak pibon kondisyon travay. Selon yon arete Premye Minis Joseph Jouthe pibliye sa pa gen lontan rekonèt dwa polisye yo genyen pou fè pati yon sendika.

Prezidan Jovenel Moise anonse kèk dispozisyon fas ak menas Kowonaviris la

Prezidan Jovenel Moise Mande yon Lis Rekòmandasyon nan 24 Trè pou l Panche sou Kriz nan Lapolis la
Prezidan Jovenel Moise Mande yon Lis Rekòmandasyon nan 24 Trè pou l Panche sou Kriz nan Lapolis la

Prezidan Jovenel Moise anonse fòmasyon yon komite pou fè fas kare ak kowonaviris la. Nan mesaj la, chèf leta a metej sou paj Facebook li di komite a gen ladann medsen lame a, medsen lapolis, etidyan finisan an medsin ak medsen retrete. Lidè ayisyen an ajoute pou di gen espas disponib nan tout peyi a pou mete moun an karantèn. Pou ayisyen k ap viv nan peyi kote viris la egziste, lidè ayisyen di pa gen pwoblèm pou yo rantre nan peyi a men yo dwe mete yo an karantèn lakay.

XS
SM
MD
LG